Nouveau
Mid
pt
Description du poste
Manadjè Finans
Recruteur : Gwoup Konbit
Email :
Téléphone : +509 36980314
Adresse : Port-au-prince, Haïti
Secteur : Finance et comptabilité
Contrat : Temps plein
Commune : Port-au-Prince
Département : Ouest
Salaire : 50,001 - 75,000 HTG
Expérience : 3-5 ans
Éducation : Licence / Bachelor
Deadline : 2026-05-15 00:00:00
Description :
Kontèks ÒganizasyonèlPozisyon sa a entegre nan yon rezo òganizasyon kominotè ayisyen ki gen plizyè ane eksperyans nan devlopman lokal. Rezo a ap travay an kolaborasyon pou ankouraje inisyativ dirab ki baze sou bezwen kominote yo atravè diferan depatman nan peyi a. Òganizasyon sa yo ap dirije inisyativ kominotè depi prèske de deseni.Manadjè Finans lan pral sipòte bezwen jesyon finansye rezo etabli sa a, ranfòse kowòdinasyon,responsablite, ak sistèm finansye pataje atravè patnè yo. Pandan ke pozisyon an ofisyèlman loje nan Konbit Ayisyen pou Devlopman ("Gwoup Konbit"), Manadjè Finans lan pral sèvi ak kolabore atravè rezo òganizasyon patnè yo.Wòl la pral travay tou kole kole ak Roots of Development, yon patnè entènasyonal ki sipòtedevlopman lokal lè li envesti nan lidèchip ak enstitisyon Ayisyen yo. Ansanm, òganizasyon sa yo angaje nan fè avanse solisyon kominotè, ranfòse kapasite lokal, epi asire sistèm finansye transparan ak responsab ki pèmèt enpak alontèm.Objektif Pòs Manadjè Finans lanManadjè Finans lan gen pou misyon asire yon jesyon finansye efikas, transparan ki konfòm akestanda ki aplikab yo pandan li ap soutni kowòdinasyon finansye ant diferan patnè nan rezo a.Li pral sèvi kòm yon entèfas kle ant òganizasyon yo ak patnè entènasyonal la, pou garanti bonjan jesyon resous yo, etabli rapò finansye serye epi ranfòse kapasite entèn nan domèn finans.Responsablite Prensipal yoJesyon finansye ak kontablite• Asire anrejistreman tout tranzaksyon finansye yo avèk lojisyèl QuickBooks• Mete ajou epi kenbe tout dosye finansye yo nan bon lòd• Fè konsilyasyon kont labank yo chak mwa• Verifye epi klase tout dokiman sipò finansye yo (resi, fakti, elatriye)• Asire konfòmite depans yo ak bidjè ki apwouve a ak akò finansman yoPeman ak jesyon sistèm bankè a• Egzekite tout tranzaksyon finansye (peye founisè, salè, sèvis) avèk presizyon• Jere itilizasyon platfòm elektwonik labank epi asire delè pou peye yo respekte• Garanti respè règleman finansye ak labank ki aplikab an AyitiKonfòmite fiskal• Prepare epi soumèt tout obligasyon fiskal yo (taks, etc.) dapre lejislasyon ayisyèn nanPlanifikasyon ak swivi bidjè• Devlope epi mete ajou bidjè pou aktivite rezo a• Swiv egzekisyon bidjè yo epi analize diferans yo• Sipòte pwosesis planifikasyon finansye ak previzyon yoRapò ak Kowòdinasyon• Prepare rapò finansye regilye• Sèvi kòm yon lyezon ak patnè entènasyonal la sou zafè finansye yo• Kolabore ak plizyè ekip pou ranfòse kapasite jesyon finansyeKalifikasyon• Diplòm nan domèn finans, kontablite, jesyon osinon lòt domèn ki gen rapò• Pou pi piti twa (3) ane eksperyans nan jesyon finansye osinon kontablite• Byen metrize lojisyèl kontablite (espesyalman QuickBooks)• Bon eksperyans nan itilizasyon sistèm bankè elektwonik an Ayiti• Bon eksperyans nan travay ak ONG, kowalisyon osinon pwojè milti-patnè (trè dezirab)• Bon kapasite analiz, planifikasyon ak òganizasyon• Metrize anviwonman òganizasyonèl avèk moun kilti yo pa menm• Kapasite pou jere plizyè priyorite nan yon anviwònman dinamik• Lang: Pale kreyòl ayisyen (obligatwa); Bon nivo angle (se yon avantaj)Konpetans pèsonèl• Entegrite, transparans ak sans responsabilite• Bon kapasite kominikasyon ak travay ann ekip• Otonomi nan travay ak kapasite pou pran inisyativ• Angajman pou devlopman lokal ak ranfòsman kapasite enstitisyonèlKijan pou AplikeTanpri soumèt dokiman sa yo bay :• Dènye kourikoulòm ou (CV)• 2-3 referans pwofesyonèl (ki gen ladan non, wòl, ak enfòmasyon kontak)• Repons kout (3-5 fraz chak) pou kesyon sa yo:1. Eksplike eksperyans ou nan itilize QuickBooks oswa lòt lojisyèl kontablite. Ki tiptravay espesifik ou te jere andan lojisyèl sa?2. Kijan ou asire swivi egzat ak rekonsilyasyon depans yo lè w ap travay ak plizyè ekiposwa patnè?3. Dekri eksperyans ou ak tranzaksyon labank ak finansye an Ayiti (pa egzanp, sistèmbankè elektwonik, peman bòdwo, transfè salè).
À propos du recruteur :
Gwoup Konbit est un mouvement social qui rassemble des leaders, des organisations et divers groupes communautaires engagés dans le changement social, en cultivant les valeurs et en mettant en pratique les principes du Konbit à travers des initiatives visant à renforcer le bien-être collectif.Le Konbit incarne l’âme haïtienne. Gwoup Konbit s’engage à raviver le sens de solidarité chez les haïtiens, à encourager des actions positives qui sèment la confiance, le partage des ressources et des connaissances, ainsi que des opportunités, tout en inspirant une transformation sociale et un développement durable inclusif et équitable. Dans ce mouvement, ceux qui pratiquent le Konbit jouent un rôle actif dans ses décisions collectives et son orientation stratégique.